Bibliyografi Edmond Paul
Lòt tèks Edmond Paul te ekri yo
Li pwobab pou gen lòt tèks Edmond Paul te ekri, ki pa nan lis sa a, epi pou kèk nan yo toujou disponib nan bibliyotèk oswa achiv.
Pa egzanp, istoryen Louis E. Elie (nan « Auguste Magloire », 7) di kon sa, Edmond Paul te ekri 17 bwochi pandan l te Kingstonn.
Pou vèsyon ki pi resan an, ale sou :
Si w gen yon tèks Edmond Paul te ekri ki pa nan bibliyografi sa a, epi w dakò pou pataje l, tanpri, pa ezite antre an kontak ak Emilio Travieso nan adrès imel sa a : etravieso1@jesuits.org.
Note byen : Daniel Supplice (Dictionnaire, 570) site non Edmond Paul kòm youn nan otè « Quelques lignes de reconnaissance à M Victor Hugo pour son article « Un mot sur John Brown » par trois Haïtiens, interprètes des sentiments de leurs compatriotes, 1869 ». C3 Éditions repete sitasyon sa a, ak tout erè nan ane li parèt la (an reyalite se te an 1859). Ta sanble yo panse « Paul aîné » ki te siyen lèt pou Hugo a, se Edmond Paul. Nou doute, paske lè sa a, Edmond Paul te apèn gen 21 oubyen 22 an, ki fè li pa pwobab pou l ta siyen kòm « aîné », epi tou, paske pi devan, Hugo pral adrese moun sa a kòm « J. Paul aîné » (wè Hoffman 1987-1988).