"

Remèsiman

M ta renmen remèsye tout moun ki te ede m fè rechèch sa a :

Anna Assogba, Rich Burns, Stéphanie Chancy, Marlene Daut, Claire Drone-Silvers, Anne Eller, Alex Gil, Laurie Kimara Gilles, Luis Girón Negrón, Daniel Godefroy, Marie-France Guillaume, Odile Harter, Ernst Djeride Jean-Baptiste, Olden Lamothe, defen Halcyon Lawrence, Mary Lewis, Kim Nusco, Allison Rich, Aïda Roumer, Jean-Denis Saint-Félix, Chelsea Stieber, Daniel Supplice, Patrick Tardieu, Frantz Voltaire, ak Marie Waltz te ede m jwenn anpil nan piblikasyon m te konsilte yo.

Pierre-Louis Choquet, Djeride Jean-Baptiste, Marie-Thérèse Jules, Dexnell Peters, ak Lumide Thelamy te ban m bon jan fidbak ki te ede m amelyore travay sa a. Si m fè erè toujou, se pa fot yo.

Germain Clerveau ak Réginald Milorme te ban m apwi teknik.

Bibliothèque Numérique des Caraïbes la, ak Andrew W. Mellon Foundation lan, te ban m yon bous nan kad pwojè Open Educational Resources for Caribbean Studies la, ki te pemèt mwen fè rechèch sa a.

Konfrè jezuit mwen yo te ban m tan ak espas mwen te bezwen pou m te travay.