"

Enpòtans Edmond Paul

Entwodiksyon

Edmond Paul se te yon entelektyèl epi òm deta ayisyen ki te jwe yon wòl enpòtan nan 19yèm syèk la. Jiska prezan yo konn site non li ak respè. Men, se pa tout moun ki okouran de lide li yo, ak sitou lide ekonomik li yo. La, nou prezante yon rezime lide ekonomik Edmond Paul yo, nan kontèks vi li ak epòk li. Nou kòmanse ak yon ti rapèl sou enpòtans Edmond Paul, epi apre sa gen yon biyografi brèf ak yon sentèz sou sa l te pwopoze pou peyi a. Pou fini, gen yon bibliyografi tout zèv li yo, kote w ap jwenn lyen pou dokiman ki disponib gratis an liy yo.

 

Edmond Paul1

Enpòtans Edmond Paul kòm yon moun nou dwe redekouvri

Edmond Paul (1837-1893) se te yon gwo towo ann Ayiti, nan dezyèm mwatye 19yèm syèk la. Depi nan jenès li, li te pwotagonis nan yon deba enpòtan sou devlopman ekonomik peyi a, epi apre sa li te tounen yon politisyen ki te jwe yon kokennchenn wòl nan yon gwo pati politik. Li te depite, li te majistra Pòtoprens, epi li te senatè. Li te trè aktif kòm lejislatè.2 Li te pibliye yon jounal, ak plizyè liv ak atik.

Tout moun te respekte l.3 Non sèlman zanmi li yo, tankou Anténor Firmin,4 te deklare admirasyon yo te gen pou li, menm kèk nan advesè politik li yo, tankou Frédéric Marcelin, te fè sa tou.5 Repitasyon li a pa t limite a Ayiti : ekonomis fransè yo te konn suiv piblikasyon li yo,6 epi lè l mouri, jounal New York Times te anonse nouvèl la ak yon bèl atik ki pale byen de li.7

Sa pa etone nou, toujou gen anpil enterè nan Edmond Paul kòm yon moun ki te gen yon vizyon pou peyi a, epi ki te eseye gen yon enpak reyèl. Istoryen yo pa bliye l,8 epi lòt chèchè yo plede site non l.9 Pandan 20yèm syèk la, jounal ayisyen yo te konn repibliye kèk moso oswa rezime nan sa l ekri yo,10 epi gen nan yo ki te komemore anivesè li.11 An 1947, yo batize yon ri Pòtoprens ak non li.12 Nan 21yèm syèk la, yo lanse nouvo edisyon 3 nan liv li yo ann Ayiti,13 epi gen moun k ap fè efò pou rann li pi popilè.14

Foto sa a parèt nan Le Temps an 1936, an preparasyon 100yèm anivesè nesans Edmond Paul.15

Men, malgre misye se yon ikòn nan istwa peyi a, pandan anpil tan, li te difisil anpil pou jwenn liv li yo, sitou sa l te ekri an premye yo, kote l te detaye tout lide li ta pral defann pi devan kòm politisyen. Gen gwo chèchè tankou Etienne Charlier (ki t ap ekri an 1945) ak Gérard Pierre-Charles (ki t ap ekri an 1993), pa egzanp, ki plenyen yo pa t gen aksè ak tout zèv ekonomik Paul yo,16 pandan yo te rekonèt jan li « mete baz la pou yon lekòl [panse], epi nou santi enfliyans li nan jan panse ekonomik nou an evolye ».17 Eritaj sa a konn defigire, paske moun yo pa vrèman konnen sa l te di. Frédéric G. Chéry di konsa, si nou pa okouran de zèv Edmond Paul la, se pa yon aksidan : se eksprè syantifik sosyal yo fè. Ann Ayiti, yo neglije kouran rechèch ki fè pwomosyon pou endistryalizasyon an, ak tout Edmond Paul ki se pi gwo reprezantan kouran sa a, paske lide sa yo fè nou kesyone kèk enterè ak ideyoloji ki gen bwa deyè bannann yo.18

Resaman, gen efò ki fèt pou konpile yon bibliyografi konplè tout zèv Edmond Paul yo, epi pou mete yo disponib an liy, nan mezi ki posib.19 Sa vin rann li pi fasil pou n kòmanse mete nou a jou sou lide li yo. Se yon bon nouvèl, paske si n vle konprann 19yèm syèk Ayiti a, fò n konprann panse ekonomik Edmond Paul la, epi gen moun k ap menm di konsa, lide li yo rete pètinan jounen jodi a, pou Ayiti ak pou lòt kote.20