Nòt
1. Sous imaj la se : Centre International de Documentation et d’Information Haitienne, Caribéenne et Afro-canadienne (CIDIHCA), « Portraits de notables haïtiens 1790-1915 », https://www.cidihcafrance.com/portraits-de-notables-haitiens-1790-1915/. Se menm imaj ki nan Jean Price-Mars, Jean-Pierre Boyer Bazelais et le drame de Miragoâne (Imprimerie de l’État, 1948), 25, ki gen dat 1879.
2. Istoryen Louis E. Elie, ki pa t renmen Paul, dekri li kòm « assurément le plus grand sculpteur de lois de l’époque libérale ». Louis E. Elie, « Auguste Magloire: ses idées et ses opinions », Le Temps, 6 décembre 1939, 2-5.
3. Istoryen David Placide di kon sa, depite parèy li yo te respekte Paul paske li te onèt epi li te fokis sou agiman konkre. David Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », Le Temps, 19 Juin 1935, 1-2. Epi tou, wè, pa egzanp, jiris ayisyen Emmanuel Edouard, ki dekri Paul kòm « un de nos rares hommes politiques militants qui sachent de quoi ils parlent, un de ceux qui disposent de la tranquillité intérieure, doivent être retenues et méditées ». Emmanuel Édouard, Éssai sur la politique intérieure d’Haïti (Augustin Challamel, 1890), 81.
4. Anpil moun remake gwo admirasyon Firmin te genyen pou Paul. Wè, pa egzanp, Yves Dorestal, Anténor Firmin (C3 Éditions, 2023), 69 ak Seymour Pradel, « Anténor Firmin (Souvenirs) », nan Anténor Firmin. Vu par Démétrius André, Seymour Pradel, Pauléus Sannon, Georges Benjamin (C3 Éditions, 2020), 111. Charlier ajoute ke Firmin te dakò ak lide ekonomik Paul yo. Etienne D. Charlier, « Haití », nan El pensamiento económico latinoamericano, ed. I.F. Normano (Fondo de Cultura Económica, 1945), 235.
5. Marcelin dekri Paul kòm yon “owazis” nan yon dezè politik, paske li te bay enterè peyi a plis enpòtans pase pwòp enterè pa l. Frédéric Marcelin, Choses Haïtiennes (Kugelmann, 1896), 9-16.
6. Wè rezime pozitif Paul Boiteau te ekri nan Revue des économistes, ki se yon revi yo te pibliye Pari. Paul Boiteau, « L’éducation professionelle du peuple ou La protection du aux industries naissantes, (Lettre à Montfleury), par M. Edmond Paul, In-8, 1862, Paris », Revue des économistes 37, no. 35 (1863) : 359.
7. “Death of a Haitian Statesman”, The New York Times, 28 June 1893. Lè l mouri, yo t ap afiche youn an liv li yo, Les causes de nos malheures, nan Fwa Mondyal Chikago a, nan bibliyotèk delegasyon Ayiti a. Wè Robert Gentil ak Henri Chauvet, Haïti à l’exposition Colombienne de Chicago (Imprimerie Vve J. Chenet, 1893), 112.
8. Wè, pa egzanp, Justin Chrysostome Dorsainvil, Manuel d’histoire d’Haïti (Procure des Frères de l’Instruction Chrétienne, 1934), 301; Placide, « Edmond Paul (1837-1893) »; David Placide, « Edmond Paul », Cahiers d’Haïti 2, n. 8 (mars 1945): 32-33; Dantès Bellegarde, La nation haïtienne (J. de Gigord, 1938); Charlier, « Haití »; Hénock Trouillot, « La pensée d’Edmond Paul », Le Nouvelliste, 8 mars 1967: 1-3, 9 mars 1967: 1-3, 10 mars 1967: 1-2; David Nicholls, From Dessalines to Duvalier, 3yèm edisyon (Rutgers UP, 1996 [1979]); Matthew J. Smith, « Exile in 19th-Century Haiti », nan Oxford Research Encyclopedia of Latin American History (Oxford University Press, 2016); ak Anne Eller, “‘A Fossilized Utopia’? Debates over Foreign Landownership and Development in Haiti, 1830s–1870s”, Journal of Haitian Studies 28, n. 1 (2022): 4-38.
9. Wè, pa egzanp, Joachim, Caprio, Pierre-Charles, Cadet, ak Chéry, ki se ekonomis, Dupuy ak Dorvilier, ki se sosyològ, Burns, ki se agwonòm, ak Depestre, ki se powèt. Benoît Joachim, Les racines du sous-développement en Haïti (H. Deschamps, 1982 [1979]); Giovanni Caprio « Introduction à l’histoire économique d’Haïti », in Haïti et l’après- Duvalier: continuités et ruptures, tome 1, ed. Cary Hector et Hérard Jadotte (CIDIHCA, 1991); Gérard Pierre-Charles, L’économie haïtienne et sa voie de développement (H. Deschamps, 1993); Charles L. Cadet, « La pensée du développement en Haïti au XIXème siècle », Rencontre n. 31 (2014): 63-66; Frédéric G. Chéry, « Introduction à l’impôt sur les cafés », dans De l’impôt sur les cafés et des lois du commerce intérieur par Edmond Paul (C3 Éditions, 2023); Alex Dupuy « Class formation and underdevelopment in nineteenth-century Haiti », Race & Class 24, n. 1 (1982): 17–31; Fritz Dorvilier, La crise haïtienne du développement (Éditions de l’Universite d’Etat d’Haïti, 2012); Vinton Burns « La faillite de la SHADA », Optique n. 7 (1954): 28-33; René Depestre, « Buenos días y adiós a la negritud », en Antología del pensamiento crítico haitiano contemporáneo, coord. Camila Valdés León y Frantz Voltaire (CLACSO, 2018 [1985]).
10. Edmond Paul, « Notre problème. Pages retrouvées », Le Temps, 2 décembre 1932 ; Edmond Paul, « Discours du 14 aout 1876 », Le Temps, 19 juin 1935 ; Placide, « Edmond Paul (1837-1893) » ; H. Trouillot, « La pensée d’Edmond Paul »; Rency Inson Michel, « Éléments descriptifs d’un aperçu d’un Plan de gouvernement : Rencontre avec Edmond Paul », Le National, 17 mars 2022. Epi wè ti istwa yo rakonte nan « Quelques propos très simples », Le Matin, 8 août 1923, 1.
11. “Edmond Paul”, Le Temps, 1936; “Le centenaire d’Edmond Paul”, Psyche, 15 octobre 1937, p. 4; « Ephémérides Haïtiennes », Le Nouvelliste, 10 octobre 1970, p. 1.
12. Administration Locale de Port-au-Prince, « Arrêté », Le Moniteur, 6 octobre 1947, p 4 [786]. Ri ki pote non Edmond Paul la se nan katye Ba Pedchòz la. Ta sanble tout moun te rele l kon sa depi lontan avan yo te ofisyalize non an (wè P. Delille, « Mémoire », Le Moniteur, 9 novembre 1933, p 5 [723]). Petèt, te gen yon tradisyon lokal ki asosye misye ak zòn sa a. Fò n ta mennen ankèt pou n ta verifye sa.
13. Éditions Fardin te pibliye yon nouvo edisyon Œuvres posthumes an 2014 ak yon nouvo edisyon Les causes de nos malheures an 2015. C3 Éditions te soti yon nouvo edisyon De l’Impôt sur les Cafés et des Lois du Commerce Intérieur an 2023.
14. Pa egzanp, an 2019, Rency Inson Michel te mete Les causes de nos malheurs disponib sou yon sit wèb Université du Québec à Montréal ki rele Les classiques des sciences sociales, epi an 2020 li te pibliye yon videyo ki bay yon entwodiksyon sou panse Edmond Paul la (« Introduction à la pensée d’Edmond Paul (1837-1893). Etudes haïtiennes #4 », YouTube, 29 octobre 2020, https://youtu.be/4z1jHCwRsio?feature=shared). An 2021, Behique Dunama te fè yon kont randi videyo Michel la, ak kèk komantè an plis, nan blòg Dream Variants lan (“An introduction to the thought of Edmond Paul”, Dream Variants, 21 March 2021, https://thedreamvariation.blogspot.com/2021/03/an-introduction-to-thought-of-edmond.html).
15. Imaj koutwazi Bibliothèque Haïtienne des Frères de l’Instruction Chrétienne.
16. Charlier (« Haití », 228) di kon sa, li pa t ka jwenn De l’industrie dans les villes (1862), menm lè l ap pale de enpòtans tèks sa Edmond Paul te ekri a. Pierre-Charles (L’économie haïtienne, 17) di kon sa, nan lane 1960 yo, liv Edmond Paul yo te “introuvables” ann Ayiti.
17. Charlier, « Haití », 233.
18. Chéry (« Introduction », 22-25).
19. Pou jwenn dènye aktyalizasyon yo, wè Emilio Travieso, « Edmond Paul », Yon lòt ekonomi pou yon lòt Ayiti: https://yonlotekonomi.wordpress.com/2020/12/14/edmond-paul/
20. Wè Chéry (« Introduction », 23-26). Pou plis sou pètinans tradisyon pi laj Paul te reprezante a, wè Erik Reinert, How Rich Countries Got Rich and Why Poor Countries Stay Poor (Constable, 2007) ak Erik Reinert, The Other Canon: Essays in the Theory and History of Uneven Economic Development (Anthem, 2024).
21. Wè “Extrait des registres du Greffe du Tribunal civil de l’Anse-à-Veau”, Le Moniteur, 4 janvier 1879, p. 4 ; Le Moniteur, 12 juillet 1893, p. 2.
22. Rulx Léon, Propos d’histoire d’Haïti, tome II (Imp. La Phalange, 1974), 11.
23. Wè biyografi Léon te ekri sou Jean Paul pou plis detay sou karye li (Léon, Propos).
24. Wè Léon, Propos, 225-236.
25. Léon, Propos, 19, 237.
26. Li te rekonèt gran frè li, Joseph François Paul, ak ti sè li, Herminie Paul. Gran sè li a te gentan mouri lè l te fenk fèt (Léon, Propos, 30).
27. Léon, Propos, 30.
28. Sous imaj la : CIDIHCA, « Portraits de notables haïtiens 1790-1915 ».
29. The New York Times (“Death”) di kon sa, wotè Paul se te 6 pye, 9 pous (egal anviwon 206 cm). Wè Marcelin (Choses, 12) tou.
30. H. Trouillot (« La pensée », 8 mars 1967, 1) tire konklizyon rezonab sa a sou baz sa nou konnen de fanmi Edmond Paul la. Apre sa tou, yon lè, nan yon sesyon Palman, Paul te di kon sa, li pa t bezwen salè li kòm depite, men, li te aksepte l paske li konnen depite parèy li yo te ka bezwen salè pa yo (pandan m ap ekri sa, m pèdi referans sitasyon sa a).
31. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 1.
32. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 1.
33. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 1. Se vre, li pwobab pou pakou etid Paul te fè a te gen plizyè disiplin ladan l. Men, ta sanble H. Trouillot (« La pensée », 8 mars 1967, 1) twonpe lè l di kon sa, Edmond Paul te etidye dwa, paske Paul li menm te deklare : « Dans les questions de droit, il me serait difficile de lutter contre le collègue Nau qui est avocat » (“Séance publique du 14 Juin 1871”, Le Moniteur, 19 aout 1871, p. 4).
34. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 1. Daprè Daniel Supplice (Dictionnaire bibliographique des personnalités politiques de la République d’Haïti, 1804–2014, C3 Éditions, 2014, 570), Paul te kòmanse travay kòm kad twazyèm klas nan administrasyon finans leta a, epi nou ka imajine se te nan menm epòk sa a.
35. Pi devan, li esplike si vèsyon ki te parèt nan Le Moniteur a se te yon vèsyon abreje li te ye. Edmond Paul, De l’Industrie dans les villes. Lettre à M. Monfleury (Imprimerie Nationale, 1862), 1.
36. Etienne Charlier (« Haití », 226) di kon sa, si nou gen nouvèl sa k te vin avan yo, se gras Edmond Paul ki site yo.
37. Nicholls (Dessalines to Duvalier, 102) gentan remake sa.
38. Supplice (Dictionnaire, 570); Jean-Jacques Cadet, « L’aventure de la pensée socialiste en haiti. Une analyse des oeuvres d’Antenor Firmin, Démesvar Delorme et Louis-Joseph Janvier », Le Grand Soir, 8 août 2016, https://www.legrandsoir.info/l-aventure-de-la-pensee-socialiste-en-haiti-une-analyse-des-oeuvres-d-antenor-firmin-demesvar-delorme-et-louis-joseph-janvier.html. Pou plis sou enpòtans pwodiksyon savon ann Ayiti nan epòk sa a, wè Eller (« Utopia », 29 fn 80).
39. J.C. Dorsainvil (Manuel, 301-302) esplike pwosesis la. Placide (« Edmond Paul (1837-1893) », « Edmond Paul »), ak tout Bellegarde ki repete l (Histoire du peuple haïtien (1492-1952), 2nd ed., Fardin, 2004 [1953], 230), di kon sa, to echanj la se te 3,000 HTG pou 1 USD nan epòk Edmond Paul te vin depite. Victor Bulmer-Thomas (The Economic History of the Caribbean Since the Napoleonic Wars, Cambridge UP, 2012, 180) di kon sa, se te 4,000 HTG pou 1 USD. Edmond Paul di kon sa, se te ant 4,000 ak 5,000 HTG pou 1 USD (Edmond Paul, « Étude politique. Haïti et l’intérêt français. Réponse à M. de Molinari », dans Œuvres posthumes, Vve. Ch. Dunod et P. Vicq, 1896, 145-146). An tou ka, li klè, goud la te pèdi valè orijinal li a, ki te (an prensip) egal ak dola ameriken an ak lòt mone etranje ki te fèt ak metal presye (menm si, an pratik, yo pa t tout pi a 100 pou san). Lòt mone sa yo t ap sikile deja nan epòk sa a (wè Bulmer-Thomas, Economic History, 179), epi se yo ki te ranplase goud papye a lè yo te elimine l (te gen mone ayisyen an kuiv tou, wè J.C. Dorsainvil, Manuel, 302), jis lè yo te vini ak yon nouvo goud an 1880 (wè Bulmer-Thomas, Economic History, 180).
40. Angouman yo parèt aklè nan tout ankèt ak pwopozisyon yo site nan nimewo Le Civilisateur ki te parèt nan dat 30 juin 1870, pa egzanp.
41. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 1.
42. Jean Paul te Gran Mèt mason lòj Ayiti yo pandan anpil tan (wè Léon, Propos, 245).
43. Pandan peryòd 1872-1873 (pou pi piti), Edmond Paul te manm lòj L’Étoile d’Haïti # 5. Lewis Ampidu Clorméus, « Quelques aspects des rapports entre la franc-maçonnerie et la sphère politique en Haïti au XIXe siècle », Outre-Mers 102, no. 386-387 (2015), 193n37.
44. “Sapeurs-pompiers”, Le Civilisateur, 9 fevriye 1871, p. 3.
45. Yo te souvan rele l “publiciste”, nan sans sa a. Pou plis detay sou jounal la, wè Ulrick Duvivier, Bibliographie Générale et Méthodique d’Haïti, tome II (Imprimerie de l’État, 1941), 333.
46. Duvivier, Bibliographie, 403.
47. Pou plis sou kontèks la, wè H. Trouillot, « La pensée », 9 mars 1967, 1.
48. Pou plis sou Thoby, wè Dantès Bellegarde, Écrivains haïtiens (H. Deschamps, 1950), 112-120. W ap jwenn enfòmasyon sou plizyè nan otè nou site la yo, nan menm liv la.
49. Ta sanble deba a te kòmanse ak yon atik Paul te ekri nan Le Civilisateur, no. 14 (wè Edmond Paul, « Agiotage. Lettre à Thoby III », Le Civilisateur no. 29, 22 septembre 1870, p. 2). Li pa disponib nan achiv nou te konsilte yo (premye nimewo ki disponib sou dLOC se nimewo 15 la). Deba a te kontinye nan (omwen) : Armand Thoby, “A son très estimable ami, Edmond Paul”, Le Civilisateur, no. 16, 23 juin 1870, p. 1-2; Edmond Paul, “Agiotage – Mr. E. Paul à son ami A. Thoby. Une définition”, Le Civilisateur, no. 18, 7 juillet 1870, p.2; Edmond Paul, “Agiotage. Lettre à Thoby II”, Le Civilisateur, no. 23, 11 août 1870, p. 1; Armand Thoby, « Lettre à E. Paul sur l’agiotage » Le Civilisateur, no. 28, 15 septembre 1870, p. 2-3; Edmond Paul, « Agiotage. Lettre à Thoby III ».
50. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 2.
51. « Décret », Le Moniteur, 8 May 1875, p.1.
52. Antoine Michel, Salomon Jeune et l’affaire Louis Tanis (Imprimerie Saint-Jacques, 1913), 2; Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 2.
53. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 2. Pou plis sou politik entèn Pati liberal la, wè Edmond Paul, Les causes de nos malheurs : appel au peuple (Geo. Henderson & Co., 1882) ak A. Michel, Salomon.
54. Jean Archin, “Le résultat des élections”, Le Moniteur, 27 May 1876, p. 3 ; “Liste des Représentants élus, d’après les procès-verbaux reçus a la Secrétairerie d’État de l’lntérieur,” Le Moniteur, 3 June 1876, p. 1.
55. Wè Le Moniteur, 22 juillet 1876, p. 3 ; epi wè A. Michel, Salomon, tou.
56. Wè Enquête parlementaire sur les emprunts du gouvernement Domingue à l’étranger. Quatrième division, annexe des Procès-verbaux (Sears et Cole, 1877). Epi wè, pa egzanp, « Assamblée Nationale. Séance du vendredi 22 juin 1877 », Le Moniteur, 14 juillet 1877, p. 1.
57. Placide, « Edmond Paul (1837-1893) », 2.
58. Wè « Chambre des Représentants. Séance publique du 23 mai 1877 », Le Moniteur, 14 juin 1877, p. 3-4.
59. Li te parèt ansanm ak yon rapò yon komite depite ak senatè, kote se Edmond Paul ki te responsab prezante rapò a. Te gen yon gwoup ouvriyè Pòtoprens ki te mande pwoteksyon kont kopetisyon etranje, epi rapò a se te yon repons pou ouvriyè sa yo. Ni rapò a, ni pwoje de lwa a, te repete anpil bagay Edmond Paul te konn ekri depi avan. Wè « Rapport et différentes pièces sur la pétition des ouvriers de la Capitale », Le Moniteur, 30 août 1877, p. 3-4 (yo repibliye rapò a ak tout pwoje de lwa a nan Œuvres posthumes, 293-319).
60. Chanm depite a te fè yon deba sou pwoje de lwa a nan dat 27 dawou. Paul te fè kèk presizyon, epi yo te fè kèk ti chanjman. Finalman yo te apwouve li, epi yo pibliye l nan dat 30 dawou (« Projet de loi prescrivant des mesures pour la création de diverses industries », Le Moniteur, 30 août 1877, p. 4) ; yo pibliye deba konplè a kèk mwa apre (« Chambre des Représentants. Séance publique du 27 août 1877 », Le Moniteur, 27 december, p. 1).
61. Nan mwa dawou 1877, yo te diskite pwoje de lwa a nan Sena a. Senatè Denis, ki te nan komite ki te ekri rapò a ansanm ak Paul, te defann li. Men, komite ki te responsab etidye rapò a te mande plis tan (« Sénat. Séance du 27 août 1877 (Soir) », Le Moniteur, 22 novembre 1877, p. 1-3). Nan dat 30 jiyè 1878, komite a – ki te gen Thoby kòm responsab – te bay yon rapò ki pa t favorab, epi 2 jou apre, Thoby te prezante li nan Sena a (« Sénat. Séance du 1er août 1878 ». Le Moniteur, 28 septembre 1878, p. 1-4). Lè sesyon lejislatif la t ap fini nan mwa dawou, Sena a te deside repote yon desizyon sou pwoje de lwa a. Jan Thoby te di, se te yon fason pou bloke l (« Sénat. Séance du 20 Août 1878 » Le Moniteur, 17 octobre 1878, p 1-3). Pami moun ki pa t dakò ak pwoje de lwa a, te gen kèk nan yo, tankou Thoby ak Hyppolite, ki te esplike rezonman yo ; te gen lòt ki te bay pretèks sou pwosedi, epi te gen 2 ki te absan nan jou yo te konnen yo ta pral diskite li, aparaman paske yo pa t vle di sa yo te panse an piblik (Ibid.).
62. « Premiers status des patrons-fondateurs d’un lycée modèle », Le Moniteur, 5 avril 1877, p. 3.
63. Te gen moun ki te panse li pa t gen dwa jwe tout wòl sa yo alafwa, men, finalman yo pa t ka anpeche l. Wè « Sénat », Le Moniteur, 11 juillet 1878, p. 1; « Chambre des Représentants. Séance publique du 5 Juillet 1878 », Le Moniteur, 27 juillet 1878, p. 2-4 ; « Chambre des Représentants. Séance publique du 5 juillet 1878 (Suite) », Le Moniteur, 1 août 1878, p. 2-4. Note byen : nan nouvèl lamò Edmond Paul yo te pibliye nan The New York Times, yo di li te majistra Pòtoprens pandan 2 fwa, men, m po ko ka verifye sa. Supplice (Dictionnaire, 570, ak tout C3 Éditions ki repete l nan edisyon 2023 Paul, De l’impôt sur les cafés, nan premye paj yo) di kon sa, yo te nome Edmond Paul majistra Pòtoprens an jen 1873, men, m po ko ka verifye sa. Nou remake ke an septanm ak desanm 1873 (omwen), majistra kominal Pòtoprens se te L. Chevalier (wè « Avis No. 14 », Le Moniteur, 13 septembre 1873, p. 3; « Arrêté No. 16 », Le Moniteur, 13 décembre 1873, p. 1), epi tou, Supplice pa site lè Paul te majistra an jen 1878.
64. Wè John Mercer Langston, “No. 252. Mr. Langston to Mr. Evarts,” Papers Relating to the Foreign Relations of the United States, Transmitted to Congress, With the Annual Message of the President, December 1, 1879, U.S. State Department, Office of the Historian, https://history.state.gov/historicaldocuments/frus1879/d276 ; J.C. Dorsainvil, Manuel, 310.
65. Wè Langston, “No. 252”.
66. Langston, “No. 252” ; Smith, “Exile” ; Jean Price-Mars, Boyer Bazelais. Sous nou te konsilte yo pa twò klè sou kalandriye ak itinerè egzil sa a, men, w ap jwenn kèk detay ankò nan Elie (« Magloire », 5) ak Roche-Grellier (Haïti : son passé, son avenir, Arthur Rousseau, 1891, 94-95).
67. Roche-Grellier (Haïti, 94).
68. Ambassade d’Haïti en France, « Chefs d’Etat haïtiens : Théomas Boisrond-Canal (1876-1879) », 12 juin 2021, https://ambassadehaiti-france.org/wp-content/uploads/2021/06/12.-The%CC%81omas-Boisrond-Canal-1876-1879.pdf
69. J.C. Dorsainvil, Manuel, 315-316.
70. Wè H. Trouillot, « La pensée », 9 mars 1967, 3.
71. Wè Bellegarde, La nation, 159 [nimewo paj la se pou vèsyon pdf Rency Inson Michel te edite a].
72. Li te bon kòm senatè pou Jakmèl nan mwa me 1890, epi li te prete sèman nan dat 24 jen nan menm ane a (wè « Chambre des Députés. Séance de 5 mai 1890 », Le Moniteur, 14 juin 1890, p 1-3 ; « Sénat. Séance du mercredi 24 juin 1890 », Le Moniteur, 5 juillet 1890, p 1). Daprè Supplice (Dictionnaire, 570, epi C3 Editions repete l nan premye paj yo nan nouvo edisyon Paul, De l’impôt sur les cafés, yo te fè an 2023), apre sa li te vin senatè pou Pòtoprens nan dat 18 me 1892, pandan menm 19yèm lejislati kote li te gentan bon nan eleksyon an, an 1890. An 1890, li te kandida pou Leyogàn tou (wè « Suite de la liste des candidats au Sénat », Le Moniteur, 8 mars 1890, p. 1 ; « Liste des Candidats au Sénat élus par les Collèges Electoraux dans les Arrondissements ci-après », Le Moniteur, 23 avril 1890, p 1).
73. Wè « Sénat », Le Moniteur, 30 juillet 1890, p. 1; « Sénat », Le Moniteur, 15 octobre 1892, p. 2.
74. Wè Marcelin, Choses, 15.
75. Smith (“Exile”, 5) pale de twazyèm sejou an Jamayik sa a kòm yon « egzil », san l pa bay plis esplikasyon. Fò n ta verifye entèpretasyon sa a, paske leta a te fè yon antèman ofisyèl pou Paul, epi ni otorite leta yo, ni jounal ofisyèl la, ni jounal New York Times lan, te pale de li kòm yon senatè ki te an fonksyon nan moman lamò li (wè « Nécrologie », Le Moniteur, 1 juillet 1893, p. 4 ; « Discours prononcé sur la tombe du sénateur Edmond Paul par le Président du comité permanent du Sénat », Le Moniteur, 15 juillet 1893, p. 4 ; The New York Times, “Death”). Okontre, jis avan l te mouri, se renouvle yo t ap renouvle manda li (wè « Chambre des Représentants. Séance du mercredi 2 août 1893 », Le Moniteur, 19 août 1893, p. 2). Kelkeswa rezon ki fè l chwazi Kingstonn, kote l te viv pandan plis pase 10 an avan, ta sanble Paul te konnen li t ap mouri, epi li te di zanmi li yo orevwa avan l te ale (wè Marcelin, Choses, 15).
76. New York Times, “Death”.
77. Gen 2 sous ki soti yon ti tan apre l mouri, ki bay dat lamò sa a (Le Moniteur, 12 juillet 1893, paj 2, ak New York Times, “Death”). Ta sanble Nicholls (Dessalines to Duvalier, 102) twonpe lè l di Paul te mouri 17 jen.
78. New York Times (“Death”). Daprè Supplice (Dictionnaire, 570), kò a te rive Ayiti nan dat 9 jiyè, lavèy antèman an.
79. Le Moniteur, 12 July 1893, p. 2. Te gen plizyè diskou nan fineray la (Ibid.). Pami yo, gen 2 ki te parèt nan pwochen nimewo Le Moniteur (“Discours prononcé sur la tombe” ; “Discours prononcé par le Sénateur Cadestin Bobert”, Le Moniteur, 15 juillet 1893, p. 4).
80. Gen omwen 2 piblikasyon ki soti apre l te mouri : Edmond Paul, Étude politique : Haïti et l’intérêt français (Réponse à Monsieur de Molinari) Aperçu d’un plan de gouvernement, révision du code rural, projets de lois diverses. (E. Bernard & cie., 1895), ak Edmond Paul, Œuvres posthumes, an 1896. M po ko jwenn akse ak piblikasyon 1895 lan, men, lè n gade tit la (ki sanble ak kontni Œuvres posthumes), nou ka sispèk li ka yon lòt edisyon menm liv Œuvres posthumes lan. Sou yon lòt bò, nou dwe note kon sa, vèsyon 1895 sanble pi long (390 paj), daprè rejis li nan baz done Bibliothèque haïtienne des Frères de l’Instruction Chrétienne lan ; li disponib sou mikwofim nan bibliyotèk Marriott Library, nan University of Utah. Si gen chechè ki enterese, yo dwe note si, an 1894, leta ayisyen te apwouve yon bidjè pou pibliye èv postim Edmond Paul yo (wè « Chambre des Représentants. Séance du 30 août 1894 », Le Moniteur, 13 janvier 1897: 6 [30] ; « Chambre des Représentants. Séance du lundi 13 août 1894 », Le Moniteur, 16 mars 1895: 3). Epi, yo di kon sa (nan yon referans ki chape m nan moman an), desandan Paul yo te fè sa tou ; sa ka esplike rezon ki fè gen 2 edisyon apa. Apre sa tou, nou dwe remake ke liv Œuvres posthumes lan rele « tome 1 », men, m pa gen nouvèl okenn lòt tòm pou li. Kanta bibliyotèk pesonèl Paul la, ta sanble se bon zanmi li, Camille Bruno, ki te erite l. Wè Hannibal Price, Cours de droit administratif (Imprimerie Amblard, 1906), v ; Alcibiade Pommayrac, « À Edmond Paul. Hommage de la ville de Jacmel », nan Œuvres posthumes de Edmond Paul, tome 1 (Vve. Ch. Dunod et P. Vicq, 1896), 8.
81. Wè Bissainthe, Dictionnaire, 44n506. Se tout komin yo nan peyi a ki te kotize pou fè eskilti a, ki te fèt an bwonz. Wè « Chambre des Représentants, Séance du 4 juin 1897 », Le Moniteur, 7 août 1897: 6 [492].
82. Imaj koutwazi Bibliothèque Haïtienne des Frères de l’Instruction Chrétienne.
83. Wè, pa egzanp, Edmond Paul, L’éducation industrielle du peuple, ou la protection due aux industries naissantes. Deuxième lettre à M. Monfleury (P.-A. Bourdier, 1862), 155-157.
84. Sa yo rele Lòt Kanon an se yon tradisyon panse ekonomik ki pi ansyen lontan pase Adam Smith ak fizyokrat yo. Li konn kreye richès, lè yo aplike teyori li yo nan plizyè peyi toupatou nan mond lan. Li fokis sou diferans kalitatif nan aktivite pwodiktif yo, epi li etidye yo nan kontèks istorik yo. Wè Reinert (Rich Countries ; Other Canon).
85. Wè Edmond Paul, « Formation de la richesse nationale », Le Moniteur, 12 octobre 1861, p. 2-4 ; Edmond Paul, Questions politico-économiques II (P.-A. Bourdier, 1863) ; Paul, De l’Industrie, 8-10, 20-21, 23, Paul, L’éducation industrielle, 7, 11, 16-17, 27-30, 48, 51-56, 80, 82-83, 193-196.
86. Paul, « Formation de la richesse » (li parèt ankò nan Paul, Questions politico-économiques II). Epi wè Reinert, Rich Countries, tou.
87. Paul, L’éducation industrielle, 64-65.
88. Paul, « Rapport sur la pétition des ouvriers de la capitale », nan Œuvres posthumes, 306.
89. Paul, L’éducation industrielle, 44-45.
90. Edmond Paul, De l’impôt sur les cafés et des lois du commerce intérieur (M. DeCordova & co., 1876).
91. Paul, De l’Industrie, 20-21. Epi wè Joachim, Les racines, 169, tou.
92. Wè Edmond Paul, « Aperçu d’un plan de gouvernement », nan Œuvres posthumes, 15-38 ; Edmond Paul, « Administration rurale », nan Œuvres posthumes, 215-282. Epi Paul, « Rapport sur la pétition », 299-300.
93. Bellegarde, Histoire, 292.
94. Wè Paul, De l’Industrie, 3; Paul, L’éducation industrielle, 21-22, 57, 67-68, 71, 85, 88, 214.
95. Wè Chéry, « Introduction » ; dènye chapit Paul, De l’impôt sur les cafés ; Edmond Paul, « Projet de loi qui supprime les entraves jusqu’ici apportées dans le commerce intérieur », nan Œuvres posthumes, 239-240 ; ak « Chambre des Représentants. Séance publique du 23 mai 1877 », Le Moniteur, 14 juin 1877: 3.
96. Paul, L’éducation industrielle, 33-34.
97. Paul, L’éducation industrielle, 34-35.
98. Pou Paul, pwoteksyon yo dwe gen yon dat ekspirasyon, ak kèk egzijans kòm kondisyon, pou asire konpetisyon, enterè konsomatè a, efikasite, ak revni fiskal la. Lè fini, li panse yo dwe pemèt konpetisyon andan peyi a, pou evite enkonvenyan ki genyen ak monopòl yo. Wè Paul, « Formation de la richesse » ; Paul, De l’Industrie, 12 ; Paul, L’éducation industrielle, 184.
99. Wè, pa egzanp, Paul, L’éducation industrielle, 200-201. Li pa fin si sou sibvansyon dirèk yo, men, kòm prensip, li dakò pou yo itilize plizyè mwayen diferan, depi yo atenn objektif endistryalizasyon an (Paul, Questions politico-économiques II, 56).
100. Wè Edmond Paul, Questions politico-économiques I (C. Meyruis, 1861) ; Edmond Paul, « Projet de loi portant crédit au département de l’Instruction publique pour l’envoi à l’Etranger de jeunes gens dont les études doivent être dirigées vers les sciences qui ont une application immédiatement pratique et utile », nan Œuvres posthumes, 287-290 ; « Chambre des Représentants. Séance publique du 23 mai 1877 », Le Moniteur, 14 juin 1877: 3.
101. Wè Paul, L’éducation industrielle, 198-200.
102. Wè, pa egzanp, Edmond Paul, « Notes pour une loi sur les écoles rurales », nan Œuvres posthumes, 267-269 ; Edmond Paul, « Projet de loi pour le recrutement du personnel de l’administration et des écoles a la campagne », nan Œuvres posthumes, 270-275; ak Edmond Paul, « Loi (Projet) », nan Œuvres posthumes, 276-281.
103. Paul, Questions politico-économiques I, 30-31 ; Edmond Paul, “À Monsieur Montfleury [sic]”, nan Œuvres posthumes, 323-340. Si l kritike pwogram etid ki soti an Frans lan, se pa paske li te pi renmen kilti anglè a, jan Louis Auguste Joint di (nan Système éducatif et inégalités sociales en Haïti, L’Harmattan, 2006, 79) ; an reyalite, li t ap kritike pwogram fransè a paske li te wè nesesite pou yon pwogram ki reponn ak bezwen konkrè ki genyen nan kontèks Ayiti a, epi li te menm dakò pou yo mande kèk ekspè fransè ede yo mete l sou pye.
104. Paul, « Aperçu », 28-29 ; Paul, L’éducation industrielle, 65, 70-71 ; Paul, « Rapport sur la pétition », 303-304.
105. Paul, De l’impôt sur les cafés ; Paul, « Étude politique », 146 ; epi wè Chéry (« Introduction »). C. Cadet (« La pensée », 65) di kon sa, Paul pa t wè si aktè leta yo te gen enterè mesken pa yo, men, si nou byen gade agiman Paul yo, nou ka di li te konprann sa byen. Sèlman, li pa t reyisi lè l te eseye konvenk yo epi bay yo presyon pou fè yo aji nan enterè lon-tèm peyi a.
106. Wè Nicholls (Dessalines to Duvalier, 105-107). Men, note byen : lè Nicholls di kon sa, « Paul te defann yon sistèm despostis eklere », ta sanble li pa pran an konsiderasyon anpil tèks kote Paul ap defann yon eta de dwa. Nan yon atik ki rele « Le despotisme eclairé » (Le Civilisateur, 19 octobre 1871, p. 1-3), Paul pale kont tout kalite despostis, epi an favè eta de dwa a. (Gen yon lòt paragraf kote Nicholls site atik sa a, men, li genlè pa t byen konprann sans li.) Epi wè, pa egzanp, entèvansyon Paul te fè nan Asanble Nasyonal la, nan dat 17 jiyè 1876, kote l di : “Nous ne voulons plus d’un Chef qui nous commande, nous demandons le règne de la loi.” (“Assamblée nationale”, Le Moniteur, 22 juillet 1876: 2).
107. Paul di komès la enpòtan, epi li montre li pa kont envestisman etranje ak imigrasyon. Poutèt sa, Nicholls (Dessalines to Duvalier, 103-108) mal pale lè l di Paul t ap pwopoze yon « autarky », menm jan ak lòt otè ki repete lide sa a, tankou Malcolm Cross (Urbanization and Urban Growth in the Caribbean, Cambridge UP, 1979, 24) ak Jared Holley (“Racial Equality and Anticolonial Solidarity”, American Political Science Review 118, no. 1, 2024: 310). Caprio (« Introduction », 156) te gentan fè remak sa a.
108. Nan pwòp ekspresyon pa li, “Je suis protectioniste pour aller à la liberté ou libre-échangiste en passant par la protection.” Paul, De l’Industrie, 3, souliyen an se nan orijinal la nou jwenn li kon sa.
109. Nan epòk sa a, anpil ekonomis te dakò ak lide Paul ap pwopoze yo, jan Paul montre byen ak yon pakèt sitasyon li ajoute pou kore agiman li yo. Wè Charlier (« Haití », 231); Reinert (Rich Countries ; Other Canon).
110. Wè, pa egzanp, kote Michel-Rolph Trouillot pale de « liberalis ekonomik » Edmond Paul, nan yon konferans an 1990 (M.R. Trouillot, “The Odd and the Ordinary”, Vibrant 17, 2020 [1990]) ; byenke li pa site okenn referans la, gen yon lòt piblikasyon ki te parèt nan menm lane li te bay konferans sa a (M.R. Trouillot, State Against Nation, Monthly Review Press, 1990), kote sèl grenn tèks Edmond Paul li site se De l’impôt sur les cafés. Epi wè, pa egzanp, John Connor (“Children of Guinea”, The Anarchist Library, 2003), kote l pale di Paul te « angaje ak liberalizasyon komès etranje ».
111. Pou plis sou kontèks istorik Pati liberal la, wè Chelsea Stieber, Haiti’s Paper War (New York UP, 2020), 201-226.
112. Paul, L’éducation industrielle, 12-15. Epi wè Ibid.: 106-111, 117-118, 138, 159-161.
113. Paul, Questions politico-économiques II, 48-56, 118 ; Paul, « Rapport sur la pétition », 305.
114. Questions politico-économiques II, 118-119.
115. Edmond Paul, « Projet de loi qui abolit le principe de l’impôt sur les denrées exportées et affecte durant quatre ans une portion du produit de cet impôt à la formation du capital d’une banque d’escompte », nan Œuvres Posthumes, 290-292.
116. Paul, « Aperçu », 25-26. Ta sanble C. Cadet (« La pensée », 65) pa t okouran sa nou esplike la yo, lè l te di Paul pa di kote li t ap jwenn finansman pou pwoje endistryalizasyon li yo, ak lè l di Paul pa t vle aksepte etranje nan pwoje sa yo.
117. Paul, Questions politico-économiques II, 58-97. Daprè Paul, etranje rasis yo pa t ap vle peye taks pou fè lekòl pou Ayisyen, paske sa t ap fè ras nwa a rive nan menm nivo kiltirèl ak ekonomik avèk yo. Yo t ap pito itilize pouvwa yo pou eksplwate Ayisyen yo, fè yo rete nan pwodiksyon kèk danre senp. Sa ta kreye richès, men, se blan etranje yo ki t ap benefisye, olye Ayisyen.
118. Nan Edmond Paul, Questions politico-économiques III (P.-A. Bourdier, 1863), 123.
119. Paul, Haïti au soleil de 1880, 1880.
120. Wè Joachim (Les racines, 183) ; Pierre-Charles (L’économie, 82).
121. Nicholls (Dessalines to Duvalier, 102-104). Epi wè Laurent Dubois, Haiti: The Aftershocks of History (Metropolitan Books, 2012), tou.
122. Wè Bulmer-Thomas, Economic History, 179.
123. Wè Paul, « Étude politique », 147-148. (Note byen : nan ka konkre agiman sa yo, Paul te ekri sa apre 1883, lè Salomon te vini ak papye mone ankò. Pou yon entèpretasyon ki gen anpil niyans sou pozisyon Paul pa rapò ak papye mone a, wè H. Trouillot, « La pensée », 9 mars 1967, p. 1.)
124. Wè Edmond Paul, Rapport au corps législatif sur les opérations du retrait du papier-monnaie par la Commission exécutive instituée par la loi du 24 aôut 1872 (s.n., 1891 [1874]).
125. Wè Paul, Questions politico-économiques III. Note byen : se an 1971 Etazini te resi abandone prensip ki di lajan dwe gen metal presye dèyè li kòm garanti. Epi, pandan Okipasyon ameriken Ayiti a, an 1919, yo te etabli yon to echanj fiks ant goud ayisyen an ak dola US la (Guy Pierre, « La Politica Monetaria en Haití de 1919/22 a 1955/56 », Asociación Argentina de Historia Económica, 2008: 3). Sa te dire jis 1990, lè yo te adopte sistèm nou genyen jounen jodi a, kote pa gen yon to echanj fiks (Kathleen Dorsainvil, “Collapsing Exchange Rate Regimes in the Presence of a Parallel Market,” Applied Economics 32, n. 6, 2000: 672).
126. Wè, pa egzanp, entèvansyon li nan « Sénat. Séance du samedi 31 novembre 1891 », nan Sénat. Rapport de sa commission sur la question monetaire (Imprimerie nationale, 1892), 10-17.
127. Pierre-Charles (L’économie, 339) souliyen pwen sa a tou.
128. Chéry, « Introduction ».
129. Paul, « Patriotisme et conscience », s.n., 1877: 14. Ipse vle di « li menm » an laten. Nou remake li rele tèt li « revolisyonè 7 mas » nan dokiman sa a. Nou panse dokiman sa a te parèt an 1877. Petèt, li ka gen yon lyen ak kesyon Price-Mars (Boyer Bazelais, 37n1) pral poze sou rezon ki fè Paul ak lòt yo te chwazi dat sa a, olye 27 mas (ki te dat reyèl envazyon Miragwàn lan), nan dokiman revolisyonè yo a an 1883.
130. Paul, « Étude politique ». Paul te deja site Molinari depi an 1862, nan kòmansman Paul, De l’Industrie.
131. Se vre, pafwa Paul fè kèk komantè ki montre li te bay kilti ewopeyen an plis valè pase lòt kilti, tankou lè l di si vyolon ranplase tanbou, sa se pwogre (Paul, Questions politico-économiques II, 14). Men, nan tout èv li, li toujou fè efò pou fè yon diferans ant vizyon kiltirèl sa a ak ideyoloji rasis biyolojik la, epi li mete aksan sou kapasite « ras afriken an » pou li atenn menm nivo « sivilizasyon » ak ewopeyen yo, menm lè l konprann sivilizasyon an nan yon sans ewopeyen.
132. Wè, pa egzanp, Marlene Daut, Tropics of Haiti (Liverpool UP, 2015) ; Marlene Daut, Baron de Vastey and the Origins of Black Atlantic Humanism (Palgrave Macmillan, 2017) ; Marlene Daut, Awakening the Ashes (U. of North Carolina P., 2023) ; Chelsea Stieber, “Beyond Mentions,” Early American Literature 53, n. 3 (2018): 961–975 ; Stieber, Haiti’s Paper War ; Holley, “Racial Equality”.
133. New York Times, “Death”.
134. Pierre-Charles (L’économie, 17).
135. Caprio (« Introduction », 156) remake jan Edmond Paul te pran devan pou pwopoze yon seri lide ekonomik ki te pral vin popilè 100 lane apre, nan Tyè Mond lan. Men, pou sa m konnen, nou po ko verifye si Edmond Paul te enfliyanse teyori sa yo, tankou teyori striktiralis ak teyori depandans ki te parèt ann Amerik latin, oubyen teyori ekonomi plantasyon yo nan rejyon Karayib la, ak tout politik ekonomik ki te mache ak teyori sa yo. Yo sanble avèk Edmond Paul se vre, men, sa ka rive se paske yo tout bwe nan menm sous tradisyon Lòt Kanon an, ki fè li nesesè pou n ta mennen yon bon jan ankèt sou sa pou n konnen si yo pa eritye li.
136. Jounal Edmond Paul la, Le Civilisateur, te ka yon bon kote pou kòmanse fè rechèch sa a, paske yo te konn pibliye nouvèl entènasyonal ladan l.
137. Wè Price-Mars (Boyer Bazelais, 124-129) ; Smith (“Exile”).
138. M ap di Dexnell Peters mèsi paske li fè m wè sa. Sou jan Firmin te dakò ak lide Edmond Paul yo, wè Charlier, « Haití », 235.
139. Wè Matthew J. Smith, Liberty, Fraternity, Exile: Haiti and Jamaica After Emancipation (U. of North Carolina P., 2014).
140. Jean Casimir, La cultura oprimida (Nueva Imagen: 1981) ; Jean Casimir, The Haitians, trans. Laurent Dubois (U. of North Carolina P., 2020) ; Laurent Dubois, “Thinking Haiti’s Nineteenth Century.” Small Axe no. 44 (2014): 72 ; Johnhenry Gonzalez, Maroon Nation (Yale UP, 2019).
141. Wè L. Dubois, “Thinking”, 72-73 ; Paul, « Administration rurale ». Lè Louis Joseph Janvier ap kritike liberal yo, petèt nou ka entèprete l nan sans sa a (wè Stieber, Haiti’s Paper War, 215-216).
142. Sitou nan Paul, De l’impôt sur les cafés.
143. Wè Chéry, « Introduction », 23.
144. Wè L. Dubois, Aftershocks.
145. Chéry, « Introduction », 23.
146. Depi nan epòk Renesans ewopeyen an, praktikman tout peyi nan mond lan ki resi kreye yon richès ekonomik ki dire, se atravè fòm politik sa yo yo fè l. Wè Reinert, Rich Countries.
147. Pandan tout pwosesis la, te gen moun ki fè referans a « doktrin ekonomik yo », tankou pwoteksyonis ak komès lib (wè sitou « Sénat. Séance du 1er août 1878 ». Le Moniteur, 28 septembre 1878, p. 1-4), men, li klè, gen lòt enterè ki te jwe yon wòl tou. Pa egzanp, lè yon depite t ap kesyone lide pou yo fabrike chemiz ann Ayiti, Paul te fè yon remak pou raple sal la si misye te gen yon komès kote l te vann chemiz enpòte (« Chambre des Représentants. Séance publique du 27 Août 1877 », Le Moniteur, 27 décembre 1877, p. 1). Men kèk referans enpòtan pou si gen chechè ki ta renmen suiv tout detay pwosesis la : « Chambre des Représentants. Séance publique du 23 mai 1877 », Le Moniteur, 14 juin 1877, p. 3-4 ; « Chambre des Représentants. Séance publique du 27 août 1877 », Le Moniteur, 27 december, p. 1 ; « Chambre des Représentants. Séance publique du 27 août 1877 »,; « Sénat. Séance du 27 août 1877 (Soir) », Le Moniteur, 22 novembre 1877, p. 1-3 ; « Sénat. Séance du 24 mai 1878 », Le Moniteur, 6 juin 1878, p. 1 ; « Sénat. Séance du 1er août 1878 » ; ak « Sénat. Séance du 20 Août 1878 » Le Moniteur, 17 octobre 1878, p 1-3.
148. Wè, pa egzanp, kote Paul di kon sa, sa k bay pwosperite se fè ouvriyè yo touche pi byen, olye pou yo jwenn pi ba pri nan sa y ap achte antanke konsomatè (Paul, « Rapport sur la pétition », 306-308 ). Sa fè nou sonje lane 1980 yo ak 1990 yo, lè yo te itilize yon bès (tanporè) nan pri manje yo pou jistifye politik neyoliberal yo, ki te kraze anpil travay ak tout kapasite pwodiksyon Ayiti a. Wè, pa egzanp, Michael Hooper, Duvalierism Since Duvalier (National Coalition for Haitian Refugees, 1986), 12 ; Jean-Germain Gros, “Indigestible Recipe: Rice, Chicken Wings, and International Financial Institutions”, Journal of Black Studies 40, n. 5 (2010): 982-983 ; Claire McGuigan, “Agricultural liberalisation in Haiti” (Christian Aid, 2006), 22-24 ; Council on Hemispheric Affairs, “Bill Clinton’s Heavy Hand on Haiti’s Vulnerable Agricultural Economy,” 13 April 2010, https://coha.org/haiti-research-fileneoliberalism%E2%80%99s-heavy-hand-on-haiti%E2%80%99s-vulnerable-agriculturaleconomy-the-american-rice-scandal/.
149. Paul te klè sou enpòtans adapte modèl ekonomik ewopeyen yo pou fè yo ateri nan kontèks Ayiti a (wè, pa egzanp, Paul, L’éducation industrielle, 155-157). Men, li pa t toujou aplike menm prensip la pou enstitisyon leta yo (wè Price-Mars 1949: 19-20; epi wè Casimir 2020 tou). Jounen jodi a, lè yo mete aksan sou enstitisyon yo san yo pa konsidere kontèks la, se youn nan divèsyon ki anpeche anpil peyi transfòme chapant sistèm pwodiksyon yo (Reinert, Rich Countries, chapit 6 ; epi wè Reinert, Other Canon, 547-566 [gen yon lòt vèsyon ki disponib an liy, ki se : Erik Reinert, “Institutionalism Ancient, Old and New”, UNU World Institute for Development Economics Research, 2006]).
150. Le Moniteur ak Le Civilisateur se 2 sous enpòtan kote nou kapab jwenn enfòmasyon sou moun ki te nan antouraj Edmond Paul yo. Wè, pa egzanp, F.E. Dubois, “Vente d’immeuble par autorité de justice”, Le Moniteur, 3 mai 1873, p. 4, kote nou wè yo t ap vann byen papa l yo, nou aprann frè li te gentan mouri, epi nou aprann non avoka li, pitit frè li yo, moun ki te responsab yo yo, ak bo frè li. Sou yon lòt bò, sous nou te konsilte yo pa bay anpil enfòmasyon sou madam Edmond Paul, ni yo pa di si l te fè pitit. Chéry (« Introduction », 13) di Edmond Paul te marye yon fwa, men, Supplice (Dictionnaire, 570) bay non 2 madam Edmond Paul te genyen, Euphrasia Lara ak Roselyne Cardozzo ; yo youn pa bay plis detay. An 1908, nan Le Nouvelliste (« Funérailles », December 29, 1908, p. 3), yon gran moun ki te rele Edmond Paul t ap anonse antèman yon ti moun ki te rele Jacques Edmond Paul, Pòtoprens. Se posib pou anons sa a gen pou wè ak 2 jenerasyon desandan Edmond Paul ; li site non kèk lòt moun, ak yon adrès, kidonk petèt li ka sèvi kòm pis pou chechè ki enterese yo. Apre sa tou, an 1930, te gen yon Aug. Edmond Paul ki te fè pati gouvènman kominal Pòtoprens (wè « Arreté. La Commission communale », Le Moniteur, 8 septembre 1930, p. 2 [p. 306]) ; swa li menm, swa yon lòt moun ki te gen menm non avè l, epi ki te mouri an 1977, te gen yon frè ki te rele Jean Edmond Paul (wè « Décès de M. Auguste Edmond Paul », Le Nouvelliste, 13 décembre 1977, p 8).
151. Wè liv Rulx Léon te ekri sou Jean Paul, kote li pibliye anpil echanj lèt ant misye ak lòt elit yo pandan tout karye li kòm òm deta, epi li dekri kontak ak karye granpapa Edmond Paul sou bò papa l, Paul François, ki te vin jij de pe Leyogàn (Léon, Propos, 20).
152. Wè Vertus Saint-Louis, « Relations internationales et classe politique en Haïti (1784-1814) », Outre-mers 90, no. 340-341 (2003): 155-175 ; Alex Dupuy, “Class formation and underdevelopment in nineteenth-century Haiti”, Race & Class 24, n. 1 (1982): 17–31 ; Michel Soukar Radiographie de la « bourgeoisie haïtienne » (C3 Éditions, 2014) ; Brenda Gayle Plummer, “The Metropolitan Connection: Foreign and Semi-Foreign Elites in Haiti, 1900-1915,” Latin American Research Review 19 (1984): 119-142 ; Omar Ribeiro Thomaz, “Haitian elites and their perceptions of poverty and of Inequality,” in Elite perceptions of poverty and inequality, ed. Elisa Reis and Mick Moore, pp. 127-155 (Zed, 2005).