"

Enpòtans Edmond Paul

Konklizyon

Nan tèks sa a, mwen te bay yon vizyon jeneral sou lavi Edmond Paul, ak tout èv li. Pou moun ki te jis anvi konnen plis sou yon pèsonaj yo konn tande pale de li nan istwa Ayiti, m espere nou satisfè. Konsa tou, m ta kontan si tèks la te fè kèk moun anvi antre pi fon. Pou moun ki deside ale pi lwen yo, m espere tèks sa a ap itil yo kòm referans, epi m panse y ap konprann, se yon premye sentèz ki baze sou yon premye koudèy sou yon pakèt materyèl. Mwen konte sou yo pou yo ede m amelyore l ak plis rechèch ak deba, pandan n ap tou elaji kad kesyon nou poze sou Edmond Paul yo.

Pou lanse deba a, m ap tou pwopoze senk liy rechèch ki te ka pote fwi. Premyèman, nou bezwen yon pi bon konpreyansyon sou Edmond Paul antanke pansè, nan kontèks li. Li te fè pati yon gwoup ki te reprezante kèk enterè konkrè, epi ki te itilize vyolans pafwa ; se pa tout moun ki te dakò avè l. Nou konnen batay politik li yo byen, men, nou te ka prete plis atansyon ak gwo deba entelektyèl li yo, tankou echanj lide li te genyen ak Monfleury ak Thoby, ak tout repons li te bay Gustave de Molinari, yon bèlj ki t ap fè pwomosyon pou komès lib, epi ki t ap viv an Frans nan epòk sa a.130 Nan diskisyon sa yo, Paul montre li gen rasin li nan tradisyon ekonomi « Lòt Kanon » an, ki te baze ann Ewòp nan epòk sa a ; nan menm tan tou, li pote kontribisyon pa l nan tradisyon sa a, antanke Ayisyen ki gen yon pozisyon pòskolonyal ak antirasis.131 Si te gen plis rechèch nan liy sa a, sa t ap yon bèl ajou nan kouran rechèch k ap fè aktyalite nan moman an, ki eseye rann wòl Ayiti a pi vizib nan istwa entelektyèl ki travèse oseyan Atlantik la, tankou travay Marlene Daut, Chelsea Stieber, ak Jared Holley yo, pa egzanp.132 Kòm yo te pibliye plizyè nan liv Edmond Paul yo nan vil Pari, epi yon revi Pari ki rele Révue des économistes te pibliye yon kont randi pou youn nan liv li yo, li ta enteresan pou n ta eseye wè ki jan lide Edmond Paul yo te rive sou Ewòp, oswa lòt kote atravè Ewòp, menm lè piblik li t ap plis sible a se te yon piblik ayisyen.

Dezyèman, ta sanble Edmond Paul te gen enfliyans sou bò Lamerik tou : jounal New York Times la te site kèk nan liv li yo,133 epi yon lòt jenerasyon egzile ayisyen te sezi lè yo te al nan bibliyotèk Meksik epi yo jwenn kèk liv Edmond Paul te ekri.134 Li ta entèresan pou n ta konnen nan ki nivo yo te konnen lide li yo nan lòt peyi nan rejyon an, ki jan yo te fè rive la, ak ki jan yo te resevwa yo.135 Menm jan tou, fò n ta gade ki evènman ak konvèsasyon nan rejyon an ki te enfliyanse lide Edmond Paul yo.136 Nan sans sa a, fò n ta prete yon atansyon espesyal ak sosyete ki nan zòn Karayib la yo, paske Edmond Paul te pibliye plizyè nan zèv li yo pandan l te Jamayik, kote li menm ak lòt manm pati politik li yo te viv pandan kèk tan, menm jan ak lènmi li yo, ki te ka li sa l ekri tou, menm si se pou kritike l. Te gen lòt moun ki te kwè nan ideyoloji misye, ki te gaye nan Bahamas, Sen Domeng, Panama, Sen Toma, ak Zil Tik yo (epi an Frans).137 Apre sa tou, Anténor Firmin, ki te san pou san dakò ak lide ekonomik Edmond Paul yo, te patisipe nan dyalòg Konfederasyon Antiyèz la yo.138 Rezo sa yo te ka yon bon kote pou kòmanse elaji travay Matthew J. Smith, ki deja ekri sou sa prezans Ayisyen Jamayik (ak prezans Jamayiken ann Ayiti) te vle di pou Ayisyen ak Jamayiken nan tan Edmond Paul la.139

Twazyèman, istwa Edmond Paul kole ak istwa Ayiti nan 19yèm syèk la. Yo chak ka ede nou konprann lòt la. Kanta 19yèm syèk la, Jean Casimir, Laurent Dubois ak Johnhenry Gonzalez di konsa, evennman ki pi enpòtan an se te konsolidasyon « sistèm kont plantasyon yo an ».140 Sou yon bò, nou te ka entèprete pwopozisyon politik Edmond Paul pou zòn an deyò yo kòm yon egzanp ki montre jan leta a ak elit yo te fè rezistans kont pwosesis sa a.141 Poutan, lè nou byen gade jan misye te enkyè pou kondisyon vi peyizan yo,142 ak jan l te vize retire chay eksplwatasyon sou do yo atravè pwopozisyon politik li yo, pandan l te pran an konsiderasyon jan agrikilti, endistri lavil, ak leta trese ansanm,143 petèt nou ka pran Edmond Paul kòm yon okazyon pou n konprann nyans ki te genyen nan istwa sa a pi byen. Dayè, istwa sa a pa t senp ke sa, epi te gen kèk tansyon ki te mande solisyon kreyatif. Si kafe a se te solisyon ki te pemèt sistèm kont plantasyon yo an reziste nan yon kontèks karayibeyen pòskolonyal, kote peyizan ayisyen yo te oblije rete an kontak ak mache (ak lame) mondyal yo kanmenm,144 Edmond Paul t ap avèti lidè yo si fòmil sa a pa t vyab ankò, paske sikonstans yo t ap chanje. Nan sans sa a, nou ka wè pwopozisyon li yo kòm yon efò pou renouvle kondisyon posibilite pou yon sosyete peyizan ki granmoun tèt li. An tou ka, abòdaj Edmond Paul pa rapò ak dosye sa yo te vrèman diferan ak abòdaj lòt moun te genyen nan menm epòk la145 ; sa ta dwe sifi pou fè nou prete plis atansyon ak detay yo.

Katryèman, pwojè de lwa Edmond Paul te ekri pou endistryalize peyi a manke pote yon gwo chanjman nan istwa ekonomik Ayiti,146 si se pa t pou senatè ki te bloke l yo lè l fin te pase nan Chanm depite a. Li t ap enpòtan pou n ta fouye zo nan kalalou sou ekonomi politik moman sa a (1877-1878), pou n byen konprann ki aktè ki te konsène, ki enterè yo te reprezante, ki lide yo te genyen, ak ki relasyon ki te egziste antre yo.147 Non sèlman sa ta pote yon limyè sou yon moman kle nan istwa Ayiti, li t ap ede nou konprann lòt moman ki te vin apre yo tou, tankou epòk refòm neyoliberal yo ki te kòmanse nan lane 1980 yo, kote yon lòt gwoup aktè te repete menm deba ki te la depi yon syèk.148 Yon lòt aspè nou te ka analize pi byen nan pwogram Edmond Paul la se yon tansyon ki te genyen kote, sou yon bò l ap fè pwomosyon pou endistryalizasyon, epi sou yon lòt bò l ap ensiste sou prensip enstitisyon yo. Pafwa, dezyèm objektif la te anpeche premye a vanse, paske sa te pran anpil enèji epi li te fè l gen anpil lènmi. Si nou te reflechi plis sou sa, sa te ka ede nou nan deba alèkilè yo, kote y ap eseye idantifye ki sa yon peyi dwe mete sou pye an premye, pou li ka rive nan yon stabilite ekonomik ak politik.149

Pou n fini, Edmond Paul kapab ban nou yon jòf sou wòl elit yo nan ekonomi politik Ayiti a, an jeneral. Se yon ka ki enteresan paske li te fè pati yon fanmi privilejye, ak yon pati politik enpòtan, epi li te gen anpil enpak kòm politisyen. Gen anpil dokiman disponib, non sèlman sou rezo kontak Edmond Paul yo,150 men, sou rezo papa l ak menm rezo gran papa l sou bò papa l.151 Si yon chèchè ki enteresè nan wòl elit yo vle konstui sou baz travay Vertus Saint-Louis, Alex Dupuy, Michel Soukar, Brenda Gayle Plummer ak Omar Ribeiro Thomaz, pa egzanp, li te ka byen pwofite achiv sa yo pou analize rezo kontak yon gwo fanmi politik pandan tout 19yèm syèk la.152

Li klè, gen anpil lòt kesyon ankò nou te ka poze sou Edmond Paul, ki t ap enpòtan. Se kounye a nou kòmanse gen plis aksè ak tèks orijinal li yo ; sa pral pemèt chèchè yo antre pi fon nan dosye sa yo. Bibliyogri n ap jwenn pi ba la ka sèvi kòm referans.