"

Enpòtans Edmond Paul

Lide ekonomik li yo

Pwofesè Edmond Paul ki se Michel Chevalier, se te yon òm deta enpòtan, ak yon entelektyèl nan tradisyon Saint-Simon, ki te ekri sou endistri, politik monetè, ak komès. Pa gen dout sou sa, lide li yo te enfliyanse Edmond Paul anpil, sitou lè nou sonje jan Edmond Paul te kòmanse ekri lè l te fenk fin etidye ak misye. Men, an menm tan tou, se pa repete Paul te repete sa l te aprann nan men Chevalier, sèlman. Li te li yon pakèt otè, jan nou ka wè nan liv li yo, paske li toujou renmen boure yo ak sitasyon. Lè fini, li te gen yon jan li te konn adapte lide li jwenn lòt kote, pou fè yo ateri nan kontèks patikilye Ayiti a.83 Nou ka wè Edmond Paul tankou yon pansè orijinal ki se eritye yon tradisyon entelektyèl nan domèn ekonomi, Erik Reinert rele tradisyon sa a « Lòt Kanon an ».84

Pou Edmond Paul, pi gwo pwoblèm Ayiti se paske peyi a ekspòte danre senp pou li ka enpòte pwodui ki transfòme. Mank endistri a se te kòz anpil lòt pwoblèm ankò, tankou enstabilite politik, koripsyon, chomaj nan vil yo, komès lokal ki pa rantab, eksplwatasyon peyizan yo, boulvèsman sosyal, inegalite sou baz politik ki fèt ak koulè po moun, etranje ki gen yon diskou rasis sou Ayiti, ak depandans sou puisans etranje yo, ki menase souverènte peyi a.85 Solisyon an se te fè sa tout peyi rich yo te fè pou yo te vin rich : kreye izin endistryèl nan vil yo, atravè yon politik endistryèl.86

Endistryalizasyon ta kreye richès ak òpòtinite. Si peyi a te gen izin, li pa t ap bezwen enpòte yon seri pwodwi li te ka fabrike lakay li. Yo t ap ajoute valè sou danre yo avan yo ekspòte yo ; pa egzanp, kakawo a t ap kite Ayiti nan fòm chokola, ki vann pi chè pase matyè premyè a.87 Izin yo t ap kreye bon jan djòb ase nan chak vil ak bouk nan peyi a,88 epi sa ta vin fè popilasyon k ap grandi a tounen yon avantaj, olye yon pwoblèm.89

Yon ekonomi divèsifye nan vil yo t ap kreye lòt altenativ pou yon moun vanse nan lavi, ki pa nan politik sèlman, epi sa t ap diminye nivo kòripsyon ak enstabilite a. Menm jan tou, li t ap retire leta a ak tout boujwa yo nan depandans sou enpo sou kafe a, ki se te pi gwo sous revni yo, epi sa t ap soulaje pwodiktè peyizan yo, paske se yo menm ki te pote chay taks sa a.90 Endistryalizasyon an t ap ranfòse dimansyon kiltirèl peyi a tou, paske li t ap kreye yon sous finansman pou edikasyon ak pou atis yo.91

Edmond Paul te bay koze endistryalizasyon an anpil enpòtans, men, sa pa vle di li te neglije wòl agrikilti a.92 Vrèman vre, tèlman pwopozisyon li te fè pou agrikilti yo te detaye, menm anpil tan apre lamò li, leta a te itilize yo kòm yon referans pou renouvle politik agrikòl la.93 Men, li te ensiste sou yon bagay : fòk Ayiti chanje avantaj konparatif li, pou li sispann « esansyèlman agrikòl », paske agrikilti a pa ka devlope si l pa gen kèk endistri a kote li.94 Apre sa tou, li te mande pou leta a kite moun an deyò yo gen yon metye oswa yon biznis, paske nan epòk sa a, se jaden yo te gen dwa fè sèlman.95

Jan Edmond Paul te konnen, endistryalizasyon pote kèk risk. Pa egzanp, yo te konn kritike endistryalizasyon kòm kòz inegalite sosyal ak eksplwatasyon pòv yo. Men, pou Edmond Paul, si konn gen mizè nan kontèks endistryèl yo, se paske gen moun ki fè enjistis, men, se pa endistri a li menm ki lakòz. Daprè li, lè yon peyi fin endistryalize, ouvriye yo ap ka goumen pou jwenn pi bon salè.96 Lè fini tou, li pa t kwè endistryalizasyon an t ap pote menm pwoblèm li konn bay nan lòt peyi, nan ka Ayiti a, paske tè a te byen separe ann Ayiti, epi l te nan men Ayisyen.97

Edmond Paul te reflechi sou mèyè fason pou transfòme chapant sistèm pwodiksyon peyi a. Dayè, pou w pran yon chapant agrikòl epi fè l tounen yon chapant endistryèl, se pa yon bagay ki fasil. Li te pwopoze yon seri politik endistryèl, tankou pwoteksyon tanporè pou endistri ki vize ranplase pwodui enpòte ak pwodiksyon nasyonal,98 ak sibvansyon pou endistri ki vize ekspòte kèk pwodui.99 Li te mande yon gwo efò pou mete peyi a a nivo nan sans konesans ak konpetans teknik, atravè bous pou jèn ayisyen al etidye nan lòt peyi,100 rekritman ekspè etranje pou vin anseye ann Ayiti,101 fòmasyon pwofesè ak kreyasyon lekòl toupatou nan peyi a,102 ak yon pase men sou pwogram edikasyon nasyonal la, pou mete plis aksan sou matyè ki gen pou wè ak lasyans ak bagay teknik.103 Lè fini tou, li te fè pwomosyon pou rechèch, pou te ka gen inovasyon.104

Li klè, Edmond Paul te konprann jan leta a ak boujwa yo te alèz anpil, nan yon sistèm kote se taks sou ekspòtasyon kafe ki bay yo manje, san yo pa fè okenn efò, paske se pwodiktè peyizan yo ki t ap peye. Li te konnen li t ap difisil pou fè yo aksepte chanje ekonomi a, pou òganize l yon lòt jan ki t ap pi egzijan. Kanmenm, li te eseye konvenk yo, ak yon pakèt agiman pou montre jan sistèm yo te genyen an t ap nui ni ekonomi a ni sosyete a.105 Apre sa tou, li te goumen kont kòripsyon nan enstitisyon piblik yo, epi li te pwopoze pou yo bay moun ki konpetan yo responsab administrasyon piblik la, paske se konsa li te panse t ap gen kondisyon favorab pou vizyon devlopman li an.106

Li enpòtan pou n fè yon ti poz la pou n souliyen yon bagay : Edmond Paul pa t yon « liberal ekonomik », nan sans yon moun ki dakò ak komès lib epi gouvènman limite san l pa bezwen konn anyen de kontèks la. Li te wè komès lib la kòm yon etap ki te ka bon lè chapant sistèm pwodiksyon peyi a te gentan rive nan matirite li, paske se lè sa a, li t ap ka kenbe konpa konpetisyon entènasyonal, pandan l ap antre nan yon komès ekilibre.107 Pou peyi a rive nan stad sa a, sa t ap mande pou leta a jwe yon wòl. Pa egzanp, leta a te ka mete kèk pwoteksyon kont konpetisyon etranje pou yon tan, pou ede endistri ki t ap kòmanse yo.108 Nan sans sa a, Paul te toujou di konsa, komès lib la se pa yon prensip ki valab nan tout sikonstans, epi li pa t ko konvenab nan kondisyon aktyèl Ayiti a.109

Gen chèchè alèkilè ki pa konprann sa. Petèt, se paske yo konnen liv li a kote l di pou yo retire tarif kafe a, men, yo pa okouran lòt liv li yo, kote l ap fè pwomosyon pou yon politik endistryèl.110 Sa ka rive tou, se mo « liberal » la ki ka gen plizyè sans, ki kreye konfizyon an. Pou Edmond Paul, liberalis gen pou wè ak yon gouvènman ki respekte prensip, enstitisyon ki stab, teknokrasi, meritokrasi, met ansanm ak edikasyon piblik, ak politik endistryèl.111 Jan l te konprann sa, vrè libète a – nan sans diyite moun, endepandans ekonomik, ak souverènte politik – se yon rezilta nou gen pou nou jwenn, lè nou fin chanje chapant sistèm pwodiksyon ekonomi a.112

Kanta kesyon finansman pou mizajou sa a nan chapant sistèm pwodiksyon an, Edmond Paul te di konsa, pwoteksyon pou endistri nasyonal yo ta pral ankouraje kapitalis yo, Ayisyen kou etranje, pou yo riske envesti nan peyi a.113 Blan ki soti nan peyi endistryalize yo t ap vin mete izin, pou yo te ka jwenn avantaj leta a t ap bay endistri ki baze ann Ayiti yo. Lè sa a, non sèlman yo t ap vini ak lajan, yo t ap pote teknoloji ak konesans yo tou.114 Apre sa tou, Edmond Paul te ekri yon pwojè de lwa kote l te pwopoze pou yo sèvi ak kòb enpò kafe a, pandan 4 an, pou yo kreye yon bank pou bay antreprenè yo kredi, avan yo te anile taks la lè sa te fin fèt.115 Nan yon lòt pwoje de lwa ankò, li te pwopoze pou yo kreye yon ajans leta ki t ap bay garanti finansyè pou ede antreprenè yo enpòte machin endistryèl yo t ap bezwen pou izin yo.116

Nan menm tan tou, Edmond Paul t ap chèche yon fason pou reyalize tout sa, san l pa mete souverènte peyi d Ayiti a an danje, paske se yon peyi ki te fonde sou prensip egalite rasyal, nan yon epòk kote lòt peyi yo pa t respekte prensip sa ditou ditou. Se pou rezon sa a, menm lè l pa t gen pwoblèm ak envestisman etranje ni ak imigrasyon pou devlope aktivite pwodiktif yo, Paul te san pou san dakò ak atik nan konstitisyon an ki di blan etranje pa gen dwa gen tè nan peyi a. Li te pè pou yo pa pran tout tè a pou yo, yon jan ki t ap kite peyizan yo san anyen, pou fè yo tounen men d èv bon mache. Si sa te rive, se yon ekip rasis ki t ap gen tè a nan men yo, epi yo t ap jis chèche fè benefis san yo pa fè anyen pou peyi a ; o kontrè, enterè moun sa yo kontrè ak enterè pèp ayisyen an menm.117

Depi nou wè l konsa, nou ka konprann rezonnman Edmond Paul lè l di li pou yon bank nasyonal,118 men, li te kont bank nasyonal Salomon te kreye an 1880, paske bank Salomon an te sèvi ak kapital fransè, epi sa te mete leta a nan pòch etranje yo.119 A chak fwa leta ayisyen te prete lajan nan men peyi etranje, nan yon to enterè ki pa t favorab, Edmond Paul te toujou montre li pa dakò.120 Jan David Nicholls gentan remake, prè etranje sa yo te fè peyi a pèdi souverènte li vre ; pa egzanp, yo te abouti nan okipasyon ameriken an (1915-1934).121

Yon lòt deba Edmond Paul te envesti anpil enèji ladan l se te politik monetè a. Lè l te fenk depite, leta a t ap plede enprime lajan sou papye, san okenn garanti deyè valè li, pou finanse yon gè. Paul, ak tout kolèg Pati liberal li yo, te wè sa kòm yon kòz enflasyon ki t ap fè lajan ayisyen pèdi valè,122 pandan l t ap pemèt spekilatè yo kreye enstabilite epi eksplwate peyizan ki te pwodiktè kafe yo.123 Pou tèt sa, yo te goumen pou retire lajan papye sa a, epi ranplase l ak lajan ki fèt ak metal tankou lò, ajan, ak kuiv,124 paske tout moun te rekonèt valè metal sa yo.125 Efò sa a te reyisi, men, apre sa, prezidan Salomon te vini ak lajan papye ankò. Kidonk lè Edmond Paul te tounen nan gouvènman an kòm senatè, sou prezidan Hyppolite, li te reprann kanpay li pou lajan metal la.126

Brèf, Edmond Paul te gen yon vizyon entegral sou sa peyi a te bezwen pou amelyore sityasyon li. Poto mitan vizyon sa a se te endistryalizasyon, men, li te konprann jan sa te gen yon lyen ak yon pakèt lòt faktè, epi li te rive sou yo tou. Pa egzanp, plan gouvènman li a, « Aperçu d’un plan de gouvernement », chaje detay k ap vize kwasans ekonomik, desantralizasyon, stabilite politik, ak jistis sosyal, yon sèl kou. Vrèman vre, Edmond Paul te youn nan ra politisyen ki gade pi lwen pase ti dosye kout tèm yo, pou pwopoze yon pwogram devlopman koyeran pou bay peyi a yon lòt lavni.127 Se petèt sa ki pi gwo eritaj li kite pou nou, menm avan nou konsidere kontni konkrè pwopozisyon li yo.

Men, enpak Edmond Paul te genyen an ale pi lwen pase sa l te fè kòm politisyen. Li merite pou nou pran l o serye kòm yon entelektyèl ki te ekri anpil tou. Frédéric G. Chéry remake kèk nan kokennchenn kontribisyon Edmond Paul fè nan disiplin syans ekonomik ann Ayiti : vizyon entegral li te genyen sou ekonomi yon peyi, sousi li te genyen pou konnen ki enpak politik ekonomik yo t ap genyen sou kondisyon vi moun yo, jan l te konn itilize chif nan analiz li yo, ak konprann li te konprann gwo danje ki genyen nan yon ekonomi ki chita sou eksplwatasyon privilèj, ak yon sèl grenn danre… epi, nou jwenn tout sa nan yon sèl liv pami sa misye te ekri yo !128 

Siyati Edmond Paul, jan l parèt nan Patriotisme et conscience129