"

Enpòtans Edmond Paul

Istwa lavi Edmond Paul

Edmond Paul fèt Pòtoprens, 8 oktòb 1837. Non konplè li se te Alexis Frédéric Edmond Paul.21 Li te grandi ak anpil privilèj, epi l te gen aksè pou li wè tout sa k t ap pase nan kizin leta a, nan yon epòk kote nasyon an te ase jèn.

Papa li, Jean Paul (1800-1872), fèt Leyogàn, men, li te gen okazyon al etidye Pòtoprens ak jeneral Inginac, ki se te sekretè jeneral prezidan Pétion ak prezidan Boyer.22 Inginac te pwoteje li, epi li te rive lwen nan administrasyon piblik la, avan l te pase nan politik. Jean Paul te gen anpil pòs nan vi li, tankou administratè finansyè Pòtoprens, senatè, majistra Pòtoprens, manm Asanble Konstitiyant lan, minis Enteryè ak Agrikilti, minis Gè ak Lamarin, prezidan Konsèy Minis yo, ak jeneral divizyon Fòs Lame yo.23 Li te fè lajan nan komès bwa kajou tou.24 Madanm Jean Paul, ki se te manman Edmond Paul, te rele Charlotte Plésance ; frè Charlotte, ki te rele Victorin “Edmond” Plésance, se te yon pwofesè nan Lise Nasyonal la, epi pi devan li te pral minis Finans.25 Yo te bay Edmond Paul non tonton li. Edmond Paul se te twazyèm pitit Jean ak Charlotte, ki te fè kat pitit.26 Parenn li se te kouzen l, Charles Alerte ; misye te pral tounen yon jeneral ak anpil enfliyans.27 

Jeneral Jean Paul28

Edmond Paul te gen repitasyon yon moun ki pa pale anpil. Fizikman, li te wo anpil.29 Li fèt nan yon fanmi nwa. Kanta klas sosyal li, li te gen mwayen ekonomik30 epi li te pase nan gwo lekòl.

Lè l te ti moun, Edmond Paul te lekòl kay Sauveur Faubert ak Daguessau Lespinasse.31 An 1852, yo te voye l an Frans pou kontinye etid li.32 Li fè etid klasik li nan kolèj Rollin, epi apre sa li te etidye syans politik kote li te gen Michel Chevalier kòm pwofesè.33

Lè l te fin etidye, Edmond Paul te rantre lakay li an 1860.34 Apèn enn an apre sa, li te gentan ap enfliyanse opinyon piblik la. Premye liv li te pibliye se te Questions politico-économiques, kote li prezante yon vizyon pou amelyore sistèm edikasyon Ayiti a, nan plizyè etap. Daprè li, non sèlman sa ta nesesè pou gen kwasans ekonomik, li ta nesesè tou pou fini ak divizyon ant klas sosyal yo nan peyi a. Nan menm lane 1861 an, li te voye yon sijesyon pwojè de lwa bay gouvènman an, epi li te pibliye yon moso ladan l nan fòm yon atik nan jounal ofisyèl leta a, ki rele Le Moniteur.35

Atik sa a te deklanche yon deba ak A. Monfleury, ki te kwè nan komès lib. Se te premye gwo deba sou ekonomi nan istwa peyi a, o mwen pou sa k kite yon tras ekri.36 Pami echanj lide yo, nou jwenn 2 liv Paul te ekri pou reponn Monfleury an 1862, De l’industrie dans les villes ak L’éducation industrielle du peuple, ou la protection due aux industries naissantes. Nan menm lane 1862 a, li te pibliye yon lòt atik nan Le Moniteur, an favè yon atik nan Konstitisyon an ki te entèdi blan etranje achte tè ann Ayiti.

An 1863, Paul te pibliye yon dezyèm tòm Questions politico-économiques, kote l te ensiste sou lide endistryalizasyon li yo, ak yon twazyèm tòm kote l pale de politik monetè. Apati moman sa a, li te fin esplike lide prensipal li yo, epi pandan rès vi li, se enplemante li te goumen pou enplemante yo.37 Premye fason li te fè sa, se te louvri yon izin savon ki te rele Manufacture des Savons d’Haïti, ak yon asosye yo te rele Delva, an 1865.38

Men, se fè politik ki te vre vokasyon li. Edmond Paul te kòmanse karyè politik li an 1870, lè l te ede Jean-Pierre Boyer Bazelais fonde Pati liberal la epi li te vin depite Pòtoprens. Li jwenn reyeleksyon an 1873, ki fè l te nan pòs sa a jis 1875.

Pati liberal la te gen majorite nan Chanm lan, epi sa te pemèt yo mete lòd nan jesyon finansyè leta a. Lè fini tou, yo te enplemante yon gwo refòm monetè, kote yo te elimine papye monè (« zorèy bourik ») leta t ap enprime a, paske daprè yo, se sa k te lakòz lavi chè a ki t ap vin pi mal chak jou, pandan goud la t ap pèdi valè li. Sou yon bò, politik monetè yo a te reyisi,39 men, yo te tèlman strik nan kontwole depans leta yo,40 gen moun ki te tounen lènmi yo, sitou pandan dezyèm manda yo a.41

Menm jan ak anpil politisyen parèy li yo, tankou pwòp papa l,42 Edmond Paul te mason lòj.43 Li te yon ponpye tou, kòm benevòl.44 Pi fò moun te konnen l kòm redaktè jounal Pati liberal la, ki te rele Le Civilisateur.45 Yo te pibliye jounal sa a depi 1870, jis 1874. An 1870, li te kolabore ak yon lòt jounal tou, l’Unité Nationale.46

Paul ak zanmi li yo te sèvi ak Le Civilisateur pou gaye lide yo, epi pou rann aktivite yo pi vizib ; jounal sa a kite nou wè jan jwèt politik chak jou a te ye, menm jan ak Le Moniteur (kote se rival Edmond Paul la, A. Monfleury, ki te alatèt).47 Gen yon deba enpòtan ki te parèt nan Le Civilisateur an 1870, kote Edmond Paul t ap diskite ak konfrè liberal li a (ki te pral tounen yon advesè li pi devan), Armand Thoby,48 sou sijè espekilasyon finansyè ak to d chanj lan, nan sans sa yo rele ajyotaj.49 Nan menm ane a, enprimri jounal la te pibliye yon bwochi Edmond Paul te ekri kont koripsyon, Le salut de la société.

Advesè politik ki te anfas liberal yo, Michel Domingue, te vin prezidan an 1874. Nan mwa me 1875, Domingue te akize lidè liberal yo, li di yo t ap fè konplò kont li. Te gen 2 ki mouri pandan yo t ap eseye arete yo,50 epi yo te ekspilse lòt yo nan peyi a.51 Edmond Paul, Boyer Bazelais, ak kèk lòt egzile liberal te jwenn refij nan Kingstonn, Jamayik.52 Se nan epòk sa a, te kòmanse gen divizyon nan Pati liberal la.53 Pandan l te Kingstonn, nan mwa mas 1876, Paul te pibliye De l’impôt sur les cafés.

Nan mwa avril 1876, se Domingue li menm ki te rive Kingstonn kòm egzile, epi Paul te tounen Ayiti ansanm ak lòt liberal yo. Nan eleksyon me 1876, li depite ankò.54 An jiyè, Pierre Théoma Boisrond-Canal te vin prezidan. Lè Pati liberal la te divize an 2, misye te nan menm kan ak Thoby ; yo te an fas Boyer Bazelais ak Edmond Paul.

Boisrond-Canal te ofri ni Boyer Bazelais ni Edmond Paul pòs nan kabinè li, men, yo te refize.55 Yo te prefere rete kòm depite. Paul te mennen yon ankèt sou yon kòb Domingue te prete an 1875.56 Ankèt sa a te devwale yon skandal koripsyon, epi te gen moun ki pa t kontan ; se konsa li te vin gen kèk lenmi an plis.57

Jou ki te 23 me 1877, Edmond Paul te pwopoze 6 pwojè de lwa nan Chanm depite yo. Tout 6 pwojè de lwa yo te gen kòm objektif devlope ekonomi an, sitou atravè endistryalizasyon, men, te genyen pou agrikilti tou.58 Pwojè ki te pi enpòtan an se te yon pwojè pou ankouraje nouvo endistri pran nan peyi a, dèkwa pou yo ranplase kèk pwodui yo te konn enpòte ak pwodiksyon nasyonal la.59 Yo t ap fè sa atravè pwoteksyon pou endistri nasyonal yo kont konpetisyon etranje a, pou yon tan. Nan mwa dawou, Chanm depite yo te gentan apwouve pwojè de lwa sa a.60 Men, nan Sena a, te gen anpil moun ki pa t dakò ; pami yo, te gen Thoby ak Florvil Hyppolite. Finalman, senatè yo te refize vote sou pwojè de lwa a.61

Nan menm lane 1877 la, Paul te ekri « Patriotisme et conscience » pou reponn kèk moun ki t ap kritike l, epi li te tounen youn nan fondatè ak manm konsèy administrasyon yon lise modèl.62 An 1878, li te bon nan yon eleksyon pou majistra Pòtoprens, kote l te deja sèvi nan Konsèy awondisman an, epi li te jwenn reeleksyon kòm depite tou.63 Wòl li te jwe nan gouvènman an t ap grandi, men, sa pa t dire.

Nan dat ki te 30 jen 1879, Boyer Bazelais ak Edmond Paul te eseye fè yon kou d eta kont gouvènman Boisrond-Canal la, ki te alye ak Pati nasyonal la pou fè fas ak branch Pati liberal la ki te sou bò Boyer Bazelais.64 Kèk jou apre, nan dat 3 jiyè, Boisrond-Canal te frennen soulèvman an, o mwen nan zòn Pòtoprens.65 Boyer Bazelais ak Edmond Paul te tounen nan egzil, Jamayik.66

Men, Boisrond-Canal pa t ka metrize mouvman pi laj la, ki te kòmanse pran nan 67 ; li demisyone nan dat 17 jiyè. Apre yon gouvènman tranzisyon ki pa t dire anpil, Pati nasyonal la te pran pouvwa, epi yo te mete Lysius Salomon prezidan.68 Pandan l te Kingstonn, an 1880, Paul te ekri Haïti au soleil de 1880, kote l te kritike Salomon paske l te fonde yon bank nasyonal ak lajan etranje. An 1882, pandan l te toujou Jamayik, li te ekri La force publique en Haïti, epi Les causes de nos malheurs.

An 1883, Paul te apiye yon lòt soulèvman, kote Boyer Bazelais ak kèk lòt egzile te anvayi Miragwàn, men, li pa t ale avèk yo. Salomon te stope yo.69 Kèk tan apre, Paul te ekri « Étude politique. Haïti et les intérêts français ».70 Nan dat 18 jiyè 1888, pandan l te toujou Kingstonn, li te ekri Un jugement sur Haïti. Boulvèsman politik yo te kontinye, epi Salomon te al nan egzil nan mwa dawou 1888.

Apre yon lit pou pouvwa, an oktòb 1889, Hyppolite te vin prezidan ; li te yon zanmi pèsonèl Edmond Paul71 (malgre dezakò yo te genyen an 1877). Li nome Anténor Firmin, ki te kolèg Edmond Paul nan Pati liberal la, nan kabinè li, epi an novanm, li te bay yon amnisti pou tout egzile yo. Moman an te rive pou Edmond Paul tounen Ayiti, ak nan politik.

Nan mwa me 1890, Edmond Paul te vin senatè.72 An 1891, li te pibliye yon rapò li te jwenn nan achiv Boyer Bazelais, sou politik monetè nan peryòd lane 1870 yo, lè yo te fè refòm lan. An 1892, se li menm ki te rapotè yon komisyon nan Sena a ki te pibliye yon lòt rapò ankò. Nan rapò sa a, w ap jwenn yon istwa politik monetè ann Ayiti depi lendepandans, ak tout diskou Edmond Paul nan Sena a, lè yo t ap fè deba sou sa. Nan menm lane 1892 la, li te ekri yon plan detaye pou gouvènman an.

Pandan l te senatè, Edmond Paul te kòmanse malad, epi sa te afekte kapasite travay li.73 Nan dat ki te 28 oktòb 1892,74 li te ale Kingstonn,75 epi se la l te mouri akòz yon anemi pwogresif,76 nan dat ki te 18 jen 1893,77 lè l te gen 55 an. Yo te anbome kò a epi yo voye l Pòtoprens pou antèman an,78 ki te fèt 10 jiyè. Le Moniteur te remake te gen anpil moun enpòtan nan fineray la, malgre tan an te lèd, epi yo te wè sa kòm yon siy, « Ayiti fenk pèdi yon pitit ki te itil tout bon, youn nan pi gwo òm politik li yo ».79 Apre lamò li, yo te pibliye kèk nan liv ak nòt li te kite yo.80 Nan dat ki te 8 fevriyè 1897, yo te inogire yon moniman nan tonbo li, ak anpil diskou kote yo te sonje li.81

Men yon kat postal ki montre « tonbo patriyòt Edmond Paul la », Pòtoprens.82